Evenman ki Gen Pou Vini
Nou itilize Eventbrite pou-n jere evenman-n yo. Al sou eventbrite.com, epi cheche pou-n jwenn òganizasyon-n lan pandan tout ane a.
Evenman KSF: Brezo Nwa, epi Tapi Wouj
Nou va anonse adrès ak orè konsènan evenman sa a lè tout preparatif a finalize.
Emisyon an Dirèk sou RHP
Ou ka branche sou lyen sa a oubyen lè-w ale nan sant miltimedya.
3e Kòlèk Jwèt KSF pou Fèt Fen Dane
Mèsi pou kado (san papye kado) ke ou ap pote pou elèv lekòl KSF ki Akayè, Ayiti. Zam pa ladan. Timoun yo gen ant 4 e 12 zan.
Ou ka ofri kado twa fason:
Chwa 1: Klike sou lyen sa si-w chwazi bay lajan. Don lajan a KSF kalifye pou dediksyon de enpo
Chwa 2: Pote oubyen voye kado nan yonn nan adrès sa yo (VIP Bakery, 174 Post Ave, Westbury, NY 11590), (Steven Business Center, 212-55 Jamaica Ave, Queens Village, NY 11428), (Prime Medical Clinic, 1711 Ralph Ave, Brooklyn, NY 11236).
Chwa 3: Klike sou lyen sa pou ka voye jwèt ki sou lis Amazon lan otomatikman nan adrès Fondasyon an.
Kòlèk "Liv pou Fèt Mwen"
Kedner Stiven mande tout moun ki ta renmen fè-l plezi pou fèt li, le 17 Novanm lan, pou yo montre-l ke yo gen konsiderasyon pou yon kòz ti kè-l sansib pou li: Ke timoun ann Ayiti ka al lekòl. Gen yon lekòl nan Akayè, Ayiti ki pote menm non ak Fondasyon Kedner Stiven lan e ke òganizasyon an ap jere. Timoun yo, laba a, bezwen liv e yo met espwa sou nou pou nou ka fè yo gen valè-n kapab. Tanpri bay yon kichòy jodi a.
Premye Ane Vant Piblik ap Fèt
10 potre (atik) disponib pou vant piblik. Gade videwo a ke Kedner ak Alvin anrejistre nan Restoran ki rele Chez Mirelle la Samdi 18 Jiye 2020 an nan Westbury, NY. Se Nadine ak Joey ki ap fè kòmantè nan videwo a. Mideline Phelizor, ma-n-ken vedèt Ayisyèn, te montre potre yo ansanm ak yon zanmi KSF. Manm KSF te vini pou ede. Adele tou, ki te menm vini ak frè li. Mesi!
Pou gade ak fè yon òf sou seleksyon ou (yo), ou ka gade videwo a, epi vizite galri a. Nimewo telefòn pou rele ak pou fè òf pa-w la se (1) 516 439 7770. Gayan yo ka klike sou lyen sa pou fè don.
Konsè sou Entènèt Skah Shah #1 ak Tacaj
Evenman sa te pral fèt an dirèk sou Facebook, men li anile.
Tombola sou Entènèt
Nou ta renmen prezante konpliman nou a 3 gayan tombola ane 2020 an:
Jeannette jean Pierre: 3è Pri, ki se $100.00
Martine Vicière: 2è Pri, ki se $200.00
Dr. Michel J. Charles: Premye Pri, ki se yon iPad 7th Generation 32 GB
Tiraj la te fèt nan restoran yo rele Kaché ki nan 2192 Flatbush Ave. Brooklyn, NY - ant 7:00 pm e 9:00 pm
Mèsi pou kontribisyon nou!
Kòlèk pou Founiti Klasik
Evenman sa a ap fèt la a. Al sou kednerstivenfoundation.org/bay-atik-tou-fet pou patisipe.